Monday, February 15, 2016

Pòv Ayiti: Domaje Pa Pwòp Sistèm Biwokratik Li ak Enpeyalis Brital


(Tradiksyon an Kreyòl Ayisyen an fèt pa Luders Allen.)


Luders Allen

15 Fevriye 2016
© Dwa 2016

Aprè 212 zan endepandans, jodia, nan peyi Ayiti, tout enfrastikti li fonksyone primitivman, ak an plis de sa, menm on senp rezilta eleksyon prezidansyèl pa menm kapab fèt nan yon jan pasifikman ak kredibilite. Èske sa se pa on wont absoli li ye?

Nan tout bagay sa yo, gen twa kesyon ki trè enpòtan ki sipoze poze ak an menm tan tou kesyon sa yo merite repons ki trè pwofon ou byen byen panse:

Kòman pou siksè ta fè pote viktwa nan devlopman ak jan enfrastikti ap fonksyone an Ayiti, pandan se tan peyi ki domini-l la, enpeyalis brital Etazini, neglije de li, pa menm ba-l enpotans ak li pa gen okenn vrè enterè enpòtan nan li?

Kòman demokrasi ta fè fonksyone byen ou byen avèk siksè an Ayiti ki domine pa enpeyalis peyi Etazini, ki sèlman pratike demokrasi lakay li, sepandan an deyò lakay li li toujou ap demontre l-ap defan demokrasi, men an reyalite, li kont demokrasi a?

Ak anplis de sa, kòman pou demokrasi ak devlopman enfrastikti ta fonksyone byen ak ta pote viktwa an Ayiti ki yon peyi ki te pran nesans li ansanm avèk koripsyon lou nan sistèm biwokratik li?

Koripsyon lou vin on doktrin an dedan sistèm biwokratik peyi Ayiti a. Ak se an dedan domèn koripsyon lou sa tout enstabilite gouvènmantal, enstabilite politik, kalamite, chay ak lamizè peyi Ayiti chita, depi nan moman li te pran nesans li ak nan moman jodia la.

Se sak fè pi fò nan tan yon seri de Ayisyen ap kritike koripsyon lou ki ekziste nan yon gouvènman aktyèl an Ayiti, se paske yo pa jwenn enterè pèsonèl yo (pozisyon nan gouvènman) ak yo pa jwenn opòtinite pou yo fè magouy ou byen rakèt pou yo kapab fè fòtin yo.  

Pou pati ki pi enpòtan, jan de kritik sa yo vrèman pa jan-m baze sou domèn patriyotik ak ou byen nasyonalis ki sòti nan fon kè. Pa ekzanp, se kòm si tankou jan de Ayisyen sa yo k-ap kritike a y-ap kriye pou pozisyon yo pa jwenn nan gouvènman ak yo pa jwen mwayen pou yo fè magouy ou byen rakèt pou yo kapab fè fòtin yo sou gouvènman…     

Nan yon jan, jan de Ayisyen sa yo k-ap kritike a y-ap kriye pou pozisyon yo pa jwenn nan gouvènman ak yo pa jwen mwayen pou yo fè fòtin yo sou gouvènman sou yon èkskiz se bon patriyòt ak ou byen nasyonalis Ayisyen de fon kè yo ye… Sepandan, nan fon kè yo, se nan betiz y-ap pase peyi Ayiti ak Ayisyen sa yo k-ap viv nan lamizè an Ayiti a.    

An reyalite, si demen lavi a pote bon chans nan vi majorite Ayisyen sa yo k-ap kritike a, yo vin prezidan ou byen ofisyèl sou yon gouvènman an Ayiti, y-ap fè kont konplo yo nan biwokrasi Ayiti a, menm jan tankou tout ansyen ak prezan prezidan ak ofisyèl koronpi yo te konn ap fè ou byen ap fè a. 

An plis de sa ak anfazman, peyi Ayiti sou dominasyon peyi brital enpeyalis Etazini depi an 1915. Sa vle di, depi aprè peryòd envazyon an ou byen okipasyon an, an 1934, dominans peyi enpeyalis Etazini sou peyi Ayiti vin pi ranfòse de jou an jou…

Se peyi enpeyalis Etazini ki vin ap kontrole sistèm bank, politik ak gouvènman an dedan peyi Ayiti (sistèm enstitisyon yo). Etazini konplètman okouran de koripsyon lou sa yo ki ekziste nan sistèm biwokrasi Ayisyen an.

Sepandan, li pa genyen okenn bezwen ak enterè pou-l ta jwe on ròl poto-mitan pou ta kapab vin genyen on fen nan koripsyon lou sila yo. Nan on lòt jan pou mete-l: li endirèkteman ankouraje ak bay koripsyonis yo pouvwa an dedan sistèm biwokrasi Ayisyen an.

Tolerans peyi Etazini sou koripsyon lou an dedan sistèm biwokrasi Ayisyen an vin sanse sèvi kankou on prokirasyon (on poto mitan) pou enpeyalis Etazini ansanm avèk lòt alye peyi enpeyalis parèy li yo, son fason pou li menm ansanm avèk alye li yo kapab kontrole, manipile ak sabotaj sistèm enstitisyon peyi Ayiti a, nenpòt lè yo vle.

Sou nenpòt okazyon peyi enpeyalis Etazini vle pote sòti yon manipilasyon ou byen sabotaj an dedan sistèm enstitisyon peyi Ayiti pou defann enterè relasyon diplomatik li genyen avèk peyi Ayiti, li toujou pase pa an dedan koripsyon lou sa ki ekziste nan sistèm biwokratik Ayisyen an pou-l reyalize objektif ki nan enterè li yo.  

Ti gwoup Ayisyen patriyotik an dedan pòv peyi Ayiti (ak eksteryè peyi Ayiti) genyen 2 chwa pou yo ta kapab delibere pòv peyi Ayiti nan penitans ak lanfè sa l-ap viv chak jou a peyi Etazini ak biwokrasi Ayisyen an kreye ladann nan depi plis ke 2 syèk la:

Se swa gwoup sektè sa yo ki kontrole sistèm edikasyon an, sistèm ekonomik lan ak sistèm politik la ta kapap pran konsyans patriyotik ou byen nayonalis an favè peyi Ayiti ou byen nesans on revolisyon kiltirèl de yon lidè nasyonalis ou byen patriyotik ansanm avèk moun k-ap swiv lidè sa. Men, 2 chwa sa yo pa enposib pou yo ta vin on reyalite nan sosyete Ayisyen an.

Si sektè sa yo ki kontrole sistèm edikasyon an, ekonomik lan ak politik la pran 2 lidè Kiben sa yo, Fidel ak Raroul Castro, kòm ekzanp lidè santiman patriyotik yo an favè Kiba toujou ap pouse yo pou yo konbat ak reziste enfliyans ak konspirasi enpeyalis kont gouvènman Kiben an, kidonk jan de Ayisyen sa yo ta kapab eksprime santiman patriyotik yo tou an favè peyi Ayiti pou yo ta kapab konbat ak reziste enfliyans ak konspirasi enpeyalis kont nenpòt gouvènman Ayisyen ki nan enterè peyi Ayiti…

Pou ale pi lwen, si sektè sa yo ki monopolize domèn edikasyon an, ekonomi an ak politik la an Ayiti ta pran vwazen yo, Repiblik Dominikèn, kòm on ekzanp nan domèn nan jan sitwayen ak politisyen Dominiken trè patriyotik an favè peyi yo, koripsyon lou an dedan sistèm biwokratik Ayiti a t-ap amelyore ou byen on jou li pa t-ap ekziste ankò.

Kalamite, chay ak lamizè peyi Ayiti sòti an dedan sektè sa yo ki monopolize edikasyon an, ekonomi an ak politik la. Majorite Ayisyen ki fè pati nan sektè sa yo yo ekstrèmman koronpi ak mechan.

Konsa, kòm se jan de Ayisyen sa yo ki kreyatè lapèn ak destriksyon chak jou a nan peyi Ayiti, pa konsekans se menm yo menm nan si yo vin pran konsyans k-ap kapab geri, konvèti ak konstwi peyi Ayiti nan on domèn de pwogrè… 

No comments: